Leta Ayisyen poze sele sou byen responsab Sogener yo

314

Pòtoprens____(TRiboLAND) Se jodi jedi 30 jwiyè 2020 an ke Leta Ayisyen mete sou pye yon batri avoka ki poze sele sou divès byen responsab Société Générale d’Énergie S.A. (Sogener) yo.

Sogener, se yon Sosyete ke yo akize kòm tou nan manch, krim finansyè, kòripsyon ak blanchiman posesyon e latriye; swit ak yon seri konfli ki opoze Leta Ayisyen, Sogener ta sanble dwe Leta ayisyen plis pase $ 347 milyon US.

Konsa, jodi jedi a, sou lòd yon jij enstriksyon, Leta Ayisyen poze sele sou konpayi Sogener ki nan zòn Maïs Gâté ak kay Élizabeth Débrosse Préval, Dimitri Vorbe, Jean Marie Vorbe ak Réginald Vorbe Fils.

Comments are closed.