Ratman gaz paralize vi komèsyàl la nan Nòdwès

303

Pòdpè____(TRiboLAND) Ratman diesel kap bwase bil peyi a okazyone sektè transpò ak komès la nan Nòdwès tonbe plat atè. Divès magazen oblije fèmen pòt yo e chofè tout kalite ap rele amwey nan enposiblite pou arive jwenn 2 konngout gaz pou ravitaye.

Konsa, pou yon moun ki ta gen chans antre nan kapital la lap koute: 1, 500 goud nan bis, 1, 200 goud nan kamyon bwat; pou sèvis transpò Pòdpè – Jan Rabel : 500 goud ; Pòdpè – Sen Lwi Dinò : 150 goud.

Se yon veritab deran byen pyès! Pou plizyè moun, se jwèt vagabondaj ak konplo propriyetè ponp yo ki deside fè mache nwa ak gaz la nan chèche fè benefis bab e moustach. Pou lòt, se jwèt mannèv gouvènnman an sitou lè li bezwen fasilite sektè prive ke li toujou favorize a fè plis krim finansyè.

Comments are closed.