Men’m jan « Core Group » pa ka deside pou Ayiti, « Région Métropolitaine » pa ka deside pou 146 Kominn.

197
0
Share:
TRiboLAND

07/21/2021

Chè konpatriyòt,

WI, Moun nan NÒ dwe jwe RÒL yo.
Pou chak DEPATMAN jwe ròl yo tou, nap mande pou konjedye , sa vle di kraze Komisyon Madam Magalie COMEAU DENIS an pou yo ranplase li pa 5 Delege nan chak Komin: 2 Moun la Vil+ 3 Moun nan Seksyon Kominal.
Nan 2 Moun la Vil yo, youn ap sòti nan Katye Popilè, yon lòt nan Katye ki pa popilè.
Nan 3 Moun andeò yo, Seksyon Kominal nan Kominn nan ap défini kritè pou chwazi 3 Moun sa yo.
Avèk metòd rasyonèl sa, nap jwenn yon solisyon patriyotik.
Nan 45 jou omaximòm, Peyi ya ka mete Strikti sa sou pye.
Pou fòme Komite Nasyonal la, chak Depatman ap eli lakay li:
1) yon Prezidan;
2) yon Vis- Prezidan
3) yon Sekretè;
4) yon Trezorye
5) yon Pòt Pawòl
Dyaspora tap fè menm jan, li tap Delege 5 Moun tou ak men’m ròl yo.
Nan premye reyinyon wan, tap gen Konferans pou chak gwoup separeman.
Chak gwoup nome
1) Prezidan li;
2) Vis-Prezidan li;
3) Sekretè li;
4) Trezorye li;
5) Pòt Paròl li.
Epi dezyèm Reyinyon wan tap yon Asanble Plenyè pou kontrandi chak Gwoup.
Epi lè sa pou nou Al travay sou yon
AKÒ POLITIK.

Men’m jan «  Core Group » pa ka deside pou Ayiti, «  Région Métropolitaine » pa ka deside pou 146 Kominn.

Nap chwazi yon Vil ki pa nan Rejyon Metropolitèn nan pou òganize rankont saa.
Nou te ka fè li Ench (HINCHE).
Patriyotik salitasyon

Hérard LOUIS
Genève, 21 jiyè 2021

Share:

Leave a reply