Gouvènman Kiba anonse fèmen pòt ak sispansyon yon krèy biwo ak transfè Western Union

367

10\27\20

Havann______(TRiboLAND) Plizyè santèn biwo Western Union ap gen pou fèmen pòt yo nan Kiba akoz nouvo anbago administrasyon Trump lan lage sou peyi a, daprè Fincimex ki se yon konpayi militè kiben kap jere ou kontrole  zafè transfè nan Kiba.

Sepandan, Western Union kap jere pòsyon lajan ki soti Etazini e ki ale sou zile kiba a, deklare ke l’ap kontinye eksplore lòt altènativ to arive kenbe djanm ak sèvis la.

Konsa, administrasyon Trump lan anonse jodi madi 27 oktòb 2020 an gro lòt mezi toulimen pou anpeche patisipasyon konpayi ki anba kontròl militè kiben nan fasilite transfè lajan. Nan yon deklarasyon ke Sekretè Deta Mike Pompeo fè sòti; li deklare ke dispozitif sa yo vize retire ou demoli biznis nan men militè kiben yo. Li anvizaje tou, koupe magogo lajan ki pral jwen ajans sekirite kiben yo ke yo akize kòm antite kap vyole dwa moun nan kiba ak nan Venezwela.

GAESA ki se yon konpleman Fincimex, se konglomera konpayi militè ke ansyen bofrè Raúl Castro, Jeneral Luis Alberto Rodriguex López-Calleja.

Li enpòtan pou sinyale ke gouvènman peyi Kiba pap janm kouri lage biznis biwo transfè bay piblik la ki se yon antite sivil.

.

Comments are closed.