Bandi sangwen kap opere Pòtoprens piye lokal jounal “Le Nouvelliste”

802



04 – 26 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon nòt Direksyon jounal “Le Nouveliste” mete deyò yè jedi 25 avril la, li anonse bandi ak zam kap opere nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan piye lokal li, ki trouve li nan Ri Disant. Bandi sangwen yo pote ale divès materyèl enstitisyon an.
l
Daprè sa responsab Direksyon jounal la deklare, se depi plizyè jou moun yo pat rive idantifye anvayi lokal la. Yo vandalize ekipman yo, retire mèb yo, ak matyè premyè ki nesesè pou enprime jounal la.

Direksyon jounal la endinye fas ak yon parèy zak zenglendinay, yo fè konnen yo kwè nan sipò Lapolis ak Lajistis nan peyia ki la pou pwoteje byen ak lavi moun. Nap raple jounal “Le Nouvelliste” gen 125 lane depi lap bay Larepiblik sèvis nan nivo enfòmasyon.

Comments are closed.