Jistis: Odisyon Dadou Jean-Bart sou akizasyon kadejakè ak abi seksyèl ranvwaye

0 359


Kwadèboukè____(TRiboLAND) Malgre yon gwo foul moun te kanpe ogadavou an antouraj pakè tribinal Kwadèboukè a, odisyon ki te pwevwa jodi Jedi 14 Me 2020 an pou tande Dadou Jean-Bart anba akizasyon kadejak ak abi seksyèl pat rive fèt.

Akonpanye avèk avoka li, Mèt Stanley Garcon ak Mèt Mosler Georges, pwesidan FHF, Dadou te reponn ak envitasyon komisè gouvènman tribinal sivil Kwadèboukè a. Li pase plizyè èd tan nan kazye chèf pakè a e apwè li aprann ke komisè gouvènman Mèt Maxime Augustin deside ranvwaye odisyon an akoz odisyon lòt aktè konsène ki te avan Dadou Jean-Bart.

site image

Pandan li tap sòti deyò pakè a, Dadou te genyen yon katafal patizan ki pat sispann aklame e vinn temwanye solidarite yo. Anplis, avoka akize a estime ke se skandal akizasyon yo lage sou do kliyan yo a.

Leave A Reply