Avoka kap ede ansyèn Dàm Martine Moise pare kou yo, mande jij Garry Orélien dàt odisyon an

1,497

09/17/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Plizyè avoka kap ede vèv ou ansyèn pwemyè Dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise pare kou, solisite jij enstriksyon Garry Orélien chanje dàt odisyon kliyan an e ranvwàye l pou 6 oktòb pwochen.

Avoka yo ta raple jij Orélien ke dàt 20 septanm 2021 an, se yon jou konje ke li ye, se anivèsè nesans Papa nasyon an, Jean Jacques Dessalines. Ajoute ak sa, defandè Martine Moise yo fè konnen ke vèv la ap pran swen terapetik ke sante li nesesite apwè operasyon nan peyi Etazini.

Konsa, kèk kritik panse ke li parèt anòmal pou yon jij ki sou dosye yon pwezidan repiblik ki asasine pwèske menm jan ak Anperè Jean Jacques Dessalines pa pran an konsiderasyon yon jou konje ki venere memwà Papa nasyon ayisyèn nan? Eske se inyorans oubyen li fèt deliberaman, antouka pi devan nap konpran pou ki?

Comments are closed.