Aprè ke li te genyen akizasyon zak sekslèl sou jèn foubolèz, Lajisti nan peyi Dayiti blanchi Dadou Jean-Bart

271

11\20\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Aprè yon seri akizasyon zak ou abi seksyèl ki te tonbe sou tèt li, lajistis nan peyi Dayiti ki deja ap fè fas ak yon anemi kredibilite, arive blanchi prezidan Federasyon Ayisyèn Foutbòl la, Dadou Jean-Bart pi blan ke lanèj.

Aprè plizyè mwa bràs ak envèstigasyon legal, odisyon ou presyon, sistèm jistis ayisyèn nan nan peyi Dayiti arive pa idantifye oken jèn fi ki te viktim nan ka kadejakè Dr. Dadou Jean-Bart a. Nan yon nòt tou louvre pou laprès ki date 19 novanm 2020, akizatè a mete chapo ba devan desizyon sa ke li konsidere kòm dlo beni ki pral retire tout kalite rad sal ke yo te lage sou do’l.

Dadou ki poko jwen benediksyon Chanm Envèstigasyon Komisyon Etik Endepandan FIFA a, deklare ke moun ki t’ap eseye fè legetè ak propaje mansonj ak vye rumè pou mete po fig anba pye’l yon fason pou FIFA te mete do li atè. Nap raple, yon jounalis peyi Lafrans ki rele Romain Molina e kap travay yon jounal ki pote non “The Guardian” nan peyi Angletè te pami premye antite ki tap denonse derive ak kadejakè ke yo reproche Dadou Jean-Bart ki jiska prezan poko jwen gras bò kote Gran Toryan FIFA yo ki kontinye ap fè bràs ak dosye sisinay sou jèn ti medam jwèz ou foutbolèz ayisyèn yo.

Nap raple, Doktè Dadou Jean-Bart genyen dig dantan depi ke li se yon Alatèt etènèl pou Federasyon Ayisyèn Foutbòl la.

Comments are closed.