FIFA deside voye Dadou Jean-Bart sou ban touch pou 90 jou

464

Pòtopwens____(TRiboLAND) Nan yon atik ke li fè sòti jodi Lendi 25 me 2020 an, jounalis anketè Romain Molina anonse ke FIFA deside bay Yves Jean-Bart yon kanpe lwen pa pwoche sou tout sa ki genyen pou wè avèk foutbòl. FIFA kore desizyon l lan selon atik 84 ak 85 Kod dewontoloji FIFA a, dapwè Chanm Envestigasyon Komisyon Etik Endepandan an.

Dadou Jean-Bart ki pral chita sou ban pou yon ti bout tan, pap ka non sèlman jwe wòl pwezidan Fédération Haitienne Football la (FHF) men tou, li pa gen anyen pou wè avèk aktivite ki danse kole ak foutbòl nan nivo lokal ak lòt bò dlo pou 90 jou.

Nap raple w, desizyon responsab FIFA yo vini nan yon kontèks kote ke yon jounal Angle te lonje dwèt jouda sou Dadou Jean-Bart kòm moun ki tap fè jwèt lasisin, kadejakè, ak abi seksyèl sou ti inosan jwè femèl peyi Dayiti.

Comments are closed.