Popilasyon an nan komin Sen-Mak enskri yon chèf gang sangwen nan pwogram bwa kale a 03 – 04 – 2024

718

03 – 04 – 2024

Sen-Mak, Ayiti_____(TRiboLAND) Popilasyon an ki tap dòmi yon je ouvè anba lanwit fènwa nan komin Sen-Mak, leve an bandoulye pou enskri nan pwogram bwa kale a, chèf gang Salami ki t ap opere sou twonson wout Sen-Mak la.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND ta fè kwè, se te ajan BSAP yo nan tèt kole ak Lapolis ki ta ka lotè gwo kout filè sa a nan zòn Beladè.

Popilasyon an ki patap dòmi al pantan sou gwo koure a, ki te konn opere nan zòn Lyankou ak Sen-Mak, trennen dèyè yon motosiklèt pou fini ak ti rès Salami an, jounen lendi 4 mas 2024 la

Comments are closed.