Tribinal Kwadèboukè envite Pwezidan FHF la, Dadou Jean-Bart pou esplikasyon sou sa yo repwoche l

0 611

Pòtopwens___(TRiboLAND) “Nan objektif pou fè aplike atik 13 nan kod enstriksyon kriminèl la ak 278 dapwè kod penal ke mèt Jean Vandal eklèsi, komisè gouvènman tribinal pwemye enstans Kwa Dèboukè a envite w pou pwezante w nan pakè l la Jedi ki va 14 me 2020 vè 10:00 zè nan maten”, se sa ki endike nan yon lèt tou louvwi ki adrese Mèkredi 7 me 2020 bay Dadou Jean-Bart yon fason pou li ale esplike akizasyon ke yo repwoche l.

Anba lèt sa ou jwen paraf komisè Maxime Augustin.

Leave A Reply