21èm syèk: me nan ki anviwonman pitit mas pèp lan ap resevwa ti moso pen lenstriksyon.

1,261

03-08-2023

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Sa wap gade la a, se yon lekòl kominotè ki nan zònn Korakoli, banlye vil Jeremi.

Selon enfomasyon TRiboLAND arive rekeyi sou plas, se yon lekòl fondamantal ki genyen premye ane jiska 6è ane. Nan yon lekòl parèy, timon yo chita pil sou pil anba prela ble, e yo chita preske a tè, peryòd lapli yo mouye, lè solèy yo jwenn solèy a gogo, petèt jiskaske yo dezidrate.

Selon konsta anpil moun fè, Direktè depatmantal edikasyon an ap woule flot machinn sou tèren an, sou do mizerab yo, vwala ke mas pèp la, pitit peyizan yo ap viv nan kondisyon menm zannimo pap viv.

Ki donk, anpil moun kalifye sa kòm yon vyolasyon grav dwa timoun yo ke dirijan yo nan Jeremi trete pi mal pase zannimo, kote ke gen dirijan sangwen ki pat soti anndan vant yon manman e ki pa genyen bon konpwann ak bon sans.

Comments are closed.