Agwikilti : Minis Sévère ap miltipliye manèv yon fason pou bay jarèt ak pwodisyon nasyonal la

53
0
Share:
TRibolAND


Pòtopwens____(TRiboLAND) Nan sousi pou reponn ak kriz alimantè ki menase peyi Dayiti ou ranfòse pwodwi agrikòl yo pou twa pwochen mwa kap vini la, Minis agwikilti a, Agwonòm Parix Sévère anvizaje 3 aks stratejik ki pral fasilite disponiblite yon seri pwodwi agwikòl sou mache a.

Pwemye strateji a gen pou wè avèk bay yon asistans teknik a payzan yo, answit kreye aksesibilite arozaj pou bay pwodiktè yo jarèt, e finalman elaji kapasite ou espas pwodiksyon yo.

Kidonk, responsab yo nan divès depatman pral itilize yon pakèt tè ki pap fè anyen depi syèk; pwosesis rabouraj deja ap akselere e mobilizasyon pou ranfòse plizyè sistèm ponp solè deja antreprann. Selon Minis Sévère, genyen konsiderasyon pou mete egalman an valè plis pase “50,000 ekta tè nan Nòdès peyi a, e 4,100 ekta nan depatman Nòdwès peyi a”.

Tankou jan sa gentan ap mache nan zònn Obè, Polen-Lakònn ak Andro nan komenn Pòdpè ki genyen yon sistèm enèji solè ou irigasyon hybrid kap fonksyone 24 sou 24.

Share:

Leave a reply