Vil Basen Ble te bloke yon lòt fwa ankò pou kontinye mande jistis ak reparasyon pou Oslin Charles

476

05/10/2021

Basenble ______(TRiboLAND) Wout nasyonal nimero 5 lan te bloke, maten lendi 10 me 2021 an, nan komin Basen Ble, pou kontinye reklame jistis ak reparasyon pou Charles Oslin ki te tonbe anba bal yon polisye ki kantone nan komisarya chansolme, nan dat 23 avril pase a. Yon parèy ensidan te rive nan moman komin Basen Ble t ap selebre Sen patron li, St Georges.

Popilasyon Basen Ble melanje ak paran viktim nan, leve byen bonè maten lendi sa a, mete barikàd anflame nan antre sid vil la. Transpò piblik la te paralize. Machin ki t ap sòti Pòtoprens pou antre Pòdpè ansanm ak sila yo ki t ap rantre Pòtoprens te gen gwo difikilte pou travèse vil Basen Ble ki te vrèman ankòlè jounen lendi 10 me la.

Aktivite blokaj anwo pa moute ak desann te kòmanse pran chè depi vè midi; nan moman yon bakòp USGPN t ap sòti Chansolme ak pitit prezidan defakto a, Jovenel Moise, te tire yon rafal koutzàm anlè melanje ak gaz lakrimojèn pou dispèse pwotestatè yo kite ankolè.

Yon bakòp UDMO ki te sòti ban vil Pòdepè t al ranfòse Inite sekirite Palè Nasyonal la ki te pran direksyon Pòtoprens.
Fòk nou di prezime kriminèl la, Gédeon Durogène toujou nan mawon depi aprè krim nan. Kidonk, sitiyasyon sa pa sispann leve plim sou do abitan komin Basen Ble ki kontinye reklame jistis, pwomèt pou repran beton an jiskaske yo rive jwenn jistis ak reparasyon pou Oslin Charles ki mouri anba zàm kriminèl PNH la.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.