Ayiti finalman asèpte don vaksen AstraZeneca OMS la

577

05/20/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Finalman Ayiti asèpte vaksen “AstraZeneca” ke Organisation Mondiale de la Santé (OMS) pwopoze atravè pwogram Covax la, dapwè sa ke Doktè Jean William Pape ki se ko-pwezidan Komisyon miltisèktoryèl kap jere kovid-19 la, konfime.

Nan yon lèt ke ministè Sante piblik ak popilasyon peyi Dayiti te adrese bay GAVI, yon alyans vaksen piblik ak pwive kap jere pwogram Covax ak OMS la nan Jenèv, konfime ke Ayiti pare pou resevwa dòz vaksen ki disponib pou li yo.

Bò kote pa li, Doktè Jarbas Barbosa ki se yon responsab Organisation Panaméricaine de la Santé anonse ke pwezidan defakto a, Jovenel Moise te anonse OMS ke peyi Dayiti pwèt pou resevwa vaksen an; yon atitid ki manifeste kèk ti tan apwè ke Jovenel Moise te ekspwime pwewokipasyon li fas ak yon remonte sinifikatif Kovid-19 la nan peyi a ki konnen yon ogmantasyon nan 2 dènye semèn mwa me a.

Avèk sispisyon jarèt ke kovid-19 la ap pran anndan peyi a nan dènye jou sa yo, otorite defakto yo vin pi alame. Kontrèman, nan mwa avwil la, yo te rejte yon don (760,000 vaksen AstraZeneca) OMS sou pwetèks yo pat vle popilasyon an voye yo jete oubyen yo te favorab a yon vaksen ki pwodwi yon dòz inik tankou Johnson & Johnson.

Antouka, Ayiti franchi a 454 nouvo ka kovid-19 pandan 2 pwemye semèn mwa me 2021 an; alòske Doktè Prince Sonson ki se alatèt lopital Imakile Konsepsyon nan vil Ench, fè eta de 20 malad kowonaviris ant fen semèn dènye pou rive yè mèkredi 19 me 2021 an. Prince kontinye pou li di, majorite nan malad sa yo se moun ki soti deyò peyi a e genyen 2 nan yo ki nan yon eta kritik.

Comments are closed.