“Akò Montana” a, pa danse kole ak “Akò 21 Desanm” nan.

120

12-30-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Responsab Akò Montana yo deklare key o sezi wè yon seri aktè politik nan sosyete a ak sèktè ekonomik lan ap fè kolònn nan kan pouvwa Ariel Henry a nan yon lòt nouvo akò politik ki rele “Akò 21 Desanm”.

Mesye dam “Akò Montana” yo, rapouswiv pou yo di, ke antite politik sa yo ap bay bilan katastrofik pouvwa PHTK a jarèt e lage dlo beni sou yon strikti gouvènman monosepal. “Objektif la pa lòt bagay ki se òganizasyon eleksyon pou sa yo ki deja sou pouvwa yon fason pou kontinye gen kontròl enstitisyon kle nan peyi a”, daprè Fritz Alphonse Jean, prezidan seleksyone Akò Montana a.

Gran Toryan Akò Montana yo, lonje dwàt jouda sou plize pati politik ki genyen manm bizawèl yo ki figire nan sansyon Kanada-Etazini yo, gen kouraj sinye nan Akò 21 Desanm nan.

Comments are closed.