Vizit prezidan Jovenel Moise nan Nòdwès, jayi anpil espwa nan mitan sitwayen yo

223

12/28/20

Pòdpè_____(TRiboLAND) Prezidan repiblik la Jovenel Moïse vizite divès chantye ki ankou nan vil Podpè dimanch 27 desanm 2020 an.

Objektif vizit sa gen pou wè avèk verifikasyon avansman travay ki dwe bout nan mitan mwa janvye 2021 an yon fason pou vil la kapab prè pou akeyi festivite kanaval nasyonal la kap òganize 14 jiska16 fevrye 2021 an prochen.

Pandan toune sa, lokatè Palè Nasyonal la te fè yon foure je gade akselerasyon travay konstriksyon santral elektrik Podpè a ki ta sanble ap mache a gran pa; li te tou pwofite remèt konsèy minisipal Podpè a 3 kamyon 6 mèt kub pou ranmase fatra nan vil ki pa fè santi gen otorite kap jere’l.

Jehrbson PETIT, Triboland

Comments are closed.