3 moun sou 14 tèste pozitif: Otorite sanitè nan NW mobilize pou ede popilasyon an swiv konsiyn yo

0 456

Pòdpè___(TRiboLAND) Otorite Sanitè yo nan Depatman Nòdwès konfime, sou 14 ka sispèk KOVID-19 la, 3 pami yo teste pozitif.

Epidemyolojis Direksyon Depatmantal Sanitè Nòdwès la, Dr Kerly Pierre ki anonse nouvèl sa a Jedi 7 Me 2020 an, nan kad yon konferans pou lapwès kote majorite pèsonèl sante atravè depatman Nòdwès la te reponn prezan. Doktè Pierre konfime ke 3 moun ki enfekte yo twouve yo atyèlman nan komenn Pòdpè. Li rapousuiv pou l di, Direksyon Sanitè Nódwès la pa janm pran konje ditou pou chèche e idantifye tout moun yo ta sispèk ki gen KOVID-19 l.


Bò kote pa li, responsab Sèvis Sante Repwodiksyon nan Direksyon Depatmantal Sanitè Nódwès la, Dr Léandre Carline, mansyone divès bagay ki ka anpeche Kowonaviris la kontinye vale teren nan Nòdwès. Kèk nan bagay sa yo selon Dr Léandre se: a) respekte distansasyon sosyàl yo; b) pa soti nan lari san bezwen; c) lave men ansuit pa bay lót lanmen; d) pote mas nou chak jou , si nou vle bay yon kwapeviris la, selon Dr Léandre.

Responsab Prizanchaj Pandemi kovid-19 la atravè depatman Nòdwès la, Dr Marc Auguste Nissage ansanm ak Direktè Depatmantal Sanité Nòdwés la, Dr Tony Monestime kontinye mande popilasyon Nòdwés la pou l pa fè tapaj ak sila yo ki trape kowonaviris la.

Viris saa ki pa gen respè ni pou Pap, ni pou Monsenyè, selon 2 otorite sanitè sa yo, se pa yon fatalite, se pwekosyon pou n pran pandan n ap aplike tout konsiy otorite sanitè yo.


Saint Jean wiskis , TRiboLAND

Leave A Reply