FAES ranfòse asistans alimantè avèk 25 restoran kominotè

0 360

Pòtopwens__(TRiboLAND) Fond Asistans Ekonomik e Sosyàl (FAES) ap miltipliye bwas yon fason pou ka rapwoche sèvis li pi pwè popilasyon an.

Konsa, fas a yon parèy demach, FAES deside yè Mèkredi a pou mete sou pye 25 restoran kominotè nan diferan komenn tankou: Pòtopwens, Petyonvil, Delma, Site Solèy, Tabarre, Kabarè e Kwadèboukè.

Restoran sa yo ki ap feraye swivan règleman ijyènn ke ministè sante piblik ak popilasyon pweskri gen pou objektif konble yon seri deriv ki ka antrave pwosesis batay kont kowonaviris la, e tradwi egalman vizyon pwezidan Repiblik la pou bay jarèt a sa yo ki pi fèb nan moman difisil peyi a ap travèse ak kovid-19 la, dapwè responsab FAES yo ki tap depoze bay lapwès.

Leave A Reply