Anpil rezidans lokal nan Repiblik Dominikènn barikade wout pou anpeche moun antre pote viris lakay yo

0 427

Sen Domeng___(TRiboLAND) Divès rezidan nan mwens pase 7 vil ak distri municipal nan El Seibo ak Hato Mayor pwovens (Ès) peyi Repiblik Dominikènn, barikade tout aksè sikilasyon wout, konplent dèske yo pa vle moun ki fè kowonaviris mete pye nan lokalite sa yo.

Depi se wout ki relye avèk El Valle, Sabana de la Mar ak Las Canitas te bakikade e menm pwoteste kont efò Sante Piblik pou enstale yon seri klinik izolman pou moun ki kontrakte viris la ki deja koze apepwè lanmò 51 moun nan jounen Madi a.

Rezidan yo te egalman bloke otowout Miches-Sabana de la Mar depi kèk jou yon fason pou mande aske latriye apatman ke gouvènman an te bati yo pa itilize pou loje malad kowonaviris.

Leave A Reply