Vyètnam arive trete tout 16 malad kowonaris li yo

0 405

Sygonn__(TRiboLAND) Tout 16 malad vyètamyen ki te enfekte avèk kowonaviris la trete e retounen lakay yo, dapwè pwemye minis Vu Duc Dam, atravè The Cable ki deklare,”tout malad ki te enfekte yo, ansanm ak sa ki te pi vye ki gen 73 lane, te trete e egzeyate.”

Pwemye minis la kontinye pou li di ke gouvènman an jiska pwezan poko detekte oken lòt ka kowonaviris nan dènye 15 jou sa yo. Malgre ke li admèt ke se yon sitiyasyon ki enpwevizib, Dam konsidere ke peyi a genyen viktwa nan pwemye atak viris la.

“Si batay ak kovid19 la te yon gè, konsa nou tap arive genyen pwemye batay la, men se pa tout gè a nou genyen paske se yon sitiyasyon ki enpwevizib.”

Bò kote pa li, minis Sante peyi Vyètnam nan, Nguyen Long deklare ke, “pa genyen medikaman pou viris la, men li kwè ke aplikasyon pwensip fondamantal yo kapab ede anpil.” Li di doktè yo gen egzijans pout rete sentòm yo tankou lafyèv e malad yo dwe anba dyèt nutrisyon ki trè strik. Long kontinye pou li di egalman ke dimansyon satirasyon oksijènn nan san malad yo dwe kontwole trè trè prè.

Repwezantan Òganizasyon Sante Mondyal nan Vyètnam, Kidong Park atribye siksè a a vijilans ak konsistans gouvènman an atravè repons li pote nan kriz la.

Nap raple, peyi Vyètnam te detekte pwemye ka kowonaviris la lakay 2 nasyonalis chinwa, 23 Janvye 2020, nan vil Ho Chi Minh.

Leave A Reply