2 pwizonye mouri nan komisarya Ti Gwav la

0 346

Ti Gwav____(TRiboLAND) Selon divès sous medyatik, 2 pwizonye arive mouri nan kacho komisarya polis Ti Gwav la semènn pase apwè ke yo te tonbe malad.

Pwizonye sa yo ki pote non: Daniel Bellamy avèk Sandor Merin te bay dènye souf yo apwè yo te malad seryezman nan yon selil kwense ki te pil sou pil ak pwizonye, dapwè Jules Romulus ki se yon Alatèt yon òganizasyon ki rele Vision Haitienne des Droits Humains (VHDH), denonse espas sadinn otorite yo nan komisarya polis Ti Gwav la.

2 ti selil ki te konstwi pou 40 pwizonye eksesivman ap itilize pou plis pase 200 pwizonye. Se yon sitiyasyon enkwayab, dapwè defansè dwa moun nan ki tap depoze nan yon pwen de pwès.

“Se pa jounen jodi a map atire atansyon otorite yo sou sitiyasyon detansyon plen ra gagann sa ik okazyone maladi tibèkiloz kap taye banda nan espas la; nad mari nad, yo pa okipe m”, toujou dapwè defansè Romulus ki ankouraje Ministè Lajitis pou itilize nouvo pwizon USAID te konstwi a ki chita la depi 2 lane.

Leave A Reply