Petyonvil: Machann yo simen gwo deblozaj e pwoteste kont desizyon responsab municipal yo

0 405

Petyonvil____(TRiboLAND) Gwo tansyon jodi Jedi 23 Avwil la ak yon latriye machann mache piblik Telele ak Kokoye nan Petyonvil ki deklare yo pap pran sa jodia nan men Mèri Petyonvil la ki anpeche yo fonksyone anba pwetèks kowonaviris la.

Maten an vè 9:00 am anpil machann nan Petyonvil achte plizyè ri nan vil la lajan kontan. Yo te yon pakèt ki tap pwoteste kont orè 3 jou fonksyònnman Mèri a lage nan kòlèt yo.

Machann yo salanbe desizyon otorite municipal yo e yo mete tèt anba anviwònnman ki gen baraj ke yo te plase nan mache yo yon fason pou te kondisyone fonksyonnman espas yo nan moman kriz kovid-19 la. Yo deklare ke desizyon otorite yo antre nan kad yon konplo ki vize pou yo mouri grangou ak 3 jou a; konsa, leta pràl pwetèks pou deklare ke se kowonaviris ki touye yo.

Antouka, machann mache Telele ak Kokoye yo pa antre nan lojik grenn machenn ki pou ap antre “an moun pa” pou vann yon ti kichòy; yo deside ouvè mache a bay tout moun e pase anba pye desizyon raketè majistra Saint Rock la, dapwè plisyè pwotestatè ki deklare se pa de kou yo pa pran nan men bandi.

Kidonk, machann yo pa bay twòp enpòtans ak konsiyn sanitè otorite yo ki ta sable pa arive konvenk machann yo fas ak dram kowonaviris la ki anonse yon dezas imanitè nan peyi Dayiti

Leave A Reply