Yon group paran devan Lekòl “La Colombe” nan Pòdpè, pwoteste kont frè eskolarite mafya

206
0
Share:
TRiboLAND

07-28-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Jodi vandredi 28 jiyè 2023, yon group paran ki gen timoun nan enstitisyon “La Colombe”, pwoteste fason Direksyon an ap maltrete paran yo. Daprè paran yo, direksyon an mande yo pou peye mwa dawout la pandan lekòl la ap fèmen premye dawout. Paran yo kontinye pou di, Direksyon lekòl la pa gen oken kominikasyon ak paran, yo sèlman la pou mete kouto anba gòj paran.

Daprè sa paran yo di, yo pa gen pwoblèm ak lekòl ki peye chè; men yo mande pou Direksyon an pase men nan administrasyon enstitisyon ki pa gen oken respè pou yo kòm paran. Yo akize responsab yo ki pa kreye kondisyon pou timoun yo fè bezwen yon kote ki pwòp.

Paran yo fini pou mande Pastè Rochnel, ki se yon kad nan biwo depatmantal edikasyon an pou respekte modalite, etik ak pwotokòl leta mete pou moute pri lekòl. Chak ane lekòl la moute, e sesi se anviwon 25 a 30 %.

Share:

Leave a reply