Naomi Osaka deside boycott pwòp semi-final match tenis li an supò avèk Jacob Blake ak BLM

340

08/27/2020

(TRiboLAND) Nan objektif pou bay jarèt ak mouvman jistis rasyàl kap klerone atravè planèt la an favè enjistis kont ras nwa a, Naomi Osaka ki apènn franchi etap semi-final la nan “Open de l’Ouest et du Sud”, deside retire kòl yon fason pou rejwen plizyè lòt atlèt kap rele chalbarik dèyè diskriminasyon rasyàl, britalite polisyè ak enjistis kont moun nwa nan Amerik la.

Pozisyon jwè tenis fanm nan ki genyen orijin japonèz- ayisyèn tonbe menm lè ak yon seri pozisyon gwo atlèt supèsta nan domèn basketball, baseball ak football pran pou egzije chanjman aprè ke yon seri polisye nan Kenosha, Wisconsin krible anba bal lachman yon nwa ki pote non Jacob Blake.

Kòm fanm nwa, Osaka ki gen yon papa ayisyen santi ke li pa ka rete 2 bwa kwaze fas ak sitiyasyon enjistis ke moun nwa ap subi nan Amerik. Nan yon tweet ke li fè soti, li oblije retire’l nan tounwa a yon fason pou atire ou proteste kont enjistis sa ke anpil moun atravè monn la ap dekriye.

Nan yon kominike marasa, òganizasyon tankou WTA, United Tennis Association ak ATP deside teke fren nan tounwa Western & Southern Open nan jis pou bat tenèb dèyè enjistis rasyàl ki enstitisyonalize nan kontinan Ameriken an. “Avan mwen te yon atlèt, mwen te yon fanm nwa”, daprè Osaka ki tap depoze.

“Katriyèm tèt Gran Panpan Mondyàl” la ke papa’l se ayisyen konsyan ke yon parèy pozisyon gen dwa pa pote gwo kichòy, sepandan l’ap kapab pote anpil opòtunite pou genyen deba serye sou pandemi rasyàl sa, daprè yon tweet ke Naomi Osaka te mete deyò. Nap raple, anpil Gran Toryan nan NBA a tankou LeBron James e latriye okazyone eliminasyon plizyè match pou denonse enjistis rasyàl.

kredi foto: Tim Clayton – Corbis – Getty Images

Comments are closed.