Anpil manèv pou antere dezyèm viktim kowonaviris la nan Nòdès peyi a

0 450

Fòlibète____(TRiboLAND Apwè divès gwo pwotestasyon ak anpil lòt menas bò kote popilasyon lokalite Derak ak Mònn Kas nan zònn komenn Fòlibète ak Ferye yo, nan depatman Nòdès peyi a, paran dezyèm viktim kowonaviris la nan peyi Dayiti pat konnen ki sen pou yo rele. Monte desann yo ak risk pou yo pèdi vi yo pat piti!

Se yon veritab maswife pou yon moun jounen jodi ki mouri nan kovid-19 an Ayiti. Absans leta nan pran mezi drastik pou fè moun respète ak dinyite yon moun ki deja mouri ak respè fanmiy li. Tout sa esplike nan ki pwofondè barbarik sosyete ayisyènn rive. Absans asèptans ak konpasyon nan moman sa pou pwòp san yo se revoltan.

Selon enfòmasyon yo, apwè divès monte desann, otorite kominal yo te finalman pran kò Madanm René, ki se defun an te antere nan perimèt gran simityè komenn Fòlibète a. Otorite yo te fè sèten ke sèkèy la koule anba beton pou anpeche yon fason pou pa konpwomèt sante moun ki abite nan antouraj simityè a.

Jodi a anpil ostilite kont moun ki fè kowonaviris; anpil moun pa vle tande patojènn mòtèl sa pou nou pa di trete viktim yo ak dinyite. Petèt karakteristiks sa ki tradwi yon avni ensèten pou peyi, kapab gen pou wè avèk iresponsablite ou enkonsekans de yon seri gouvènabilite vètijinez ki mal abode pwoblèm sosyàl yo.

Leave A Reply