Plizye dizènn, élev klas Filo nan Jeremi pwan lari, nan okazyon fèt Sen Toma Aken an pou mande leta kreye yon klima pwopis pou lekòl fonksyone.

887

01 – 28 – 2024
Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Aprè yo te finn patisipe nan yon mès aksyonde gras, pou make fèt Sen Patwon Filozòf yo, Sen Toma Aken, plizyè elèv Filo pran lari e pwoteste kont gouvènman koupyon Ariel Henry a.

Nich elèv sa yo ki te soti nan divès kategori lekòl piblik kou prive, te ak inifòm sou yo, ta pwoteste pasifikman e mache atravè vil Jeremi; pankat nan men, pou mande gouvenman Ariel Henry an, kreye yon anviwoman sekiritè, pou ke timoun yo repwann chimen lekòl defason lib elibè.

Majorite, nan elèv yo ki pwan lari a, jounen dimanch 28 Janvye 2024 lan, se elèv ki nan klas Filo, ki plede anfavè lapè; pou bon fonksyonman lekòl piblik kou prive yo nan Jeremi.

Comments are closed.