2 gwoup polisye konte pran beton an pou pwoteste kont aryere salè gouvènman an dwe yo

0 321

Pòtopwens____(TRiboLAND) Polisye 29èm ak 30èm pwomosyon (PNH) la anonse ke yo ap chofe jarèt yon fason pou yo pran beton an ankò nan entèval 27 Avwil 2020 an nan kad pou yo egzije gouvènnman an peye yo 3 mwa aryere salè ke yo dwe yo.

Polisye ki sòti nan vant 30èm pwomosyon, fè eta de 9 mwa depi ke yo ap travay san touche, san materyèl konfòm alòske yo ba yo plis responsablite nan sekirize divès sant karantènn pou Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP).

Yon lòt bò, gwoup ki soti nan 29èm pwomosyon PNH la denonse 6 mwa san salè ke menm gouvènman sa dwe yo tou. Konsa, yo pare tou pou fè tande vwa yo nan jou kap vini la yo.

Leave A Reply