Kap Ayisyen: Yon chofè moto mouri devan Moniman Vètyè yo nan sikonstans ki poko klarifye

47
0
Share:
TRiboLAND

11/24/2026

Kap Ayisyen, Ayiti ____(TRiboLAND) Yon jèn gason ki t ap travay kòm chofè moto 2 wou pèdi lavi li nan aprè midi madi 24 novanm 2026 la, devan Moniman Vètyè yo, Okap. Daprè enfòmasyon moun ki te sou plas rapòte, jèn gason an t ap pran direksyon Pòdpè, avèk de (2) pasaje dèyè li, lè li rive nan zòn Moniman Vètyè yo, li ta santi li pa byen. Li ta desann sou moto a pou l al chèche yon ti soulajman, men kèk segond apre, li rann dènye souf li.

Daprè menm enfòmasyon yo, chofè moto a te sot al chèche yon pwòch li ki t ap soti Repiblik Dominikèn. Sepandan, jiska prezan, pa gen okenn detay ofisyèl ki disponib sou sikonstans egzak lanmò jèn gason an. Kòz lanmò a poko konnen, pandan kesyon ap poze sou sa ki ta lakòz lanmò sibit sa a.

TRiboLAND ap rete konekte ak otorite konpetan yo pou chèche plis enfòmasyon sou dosye sa a, yon fason pou kontinye kenbe lektè li yo enfòme sou devlopman sitiyasyon an.

TRiboLAND Media Network, toupatou nan mond lan, pou kenbe lektè li yo enfòme!

Share:

Leave a reply