Yon latriye militan politik pwòch PHTK fèmen plizyè bwàt leta nan vil Gonaiv

0 357

Gonaiv____(TRiboLAND) Divès militan politik ki reklame tèt yo kòm patizan ki danse kole avèk pouvwa PHTK (Plonje Haiti Tou Kanpe) a, pran lari Jedi maten 23 Avwil la nan vil Gonaiv yon fason pou yo reklame patisipasyon yo nan separasyon gato bwàt leta a.

Li te 10:00 zè won kon boul nan maten lòske yon latriye militan politik “Tèt Kale” pran lari e pwosede ak yon operasyon pase kle nan divès bwàt piblik leta nan komenn Gonaiv, depatman Latibonit.

Operasyon fèmen pòt sa te afekte plizyè biwo tankou: biwo rejyonal Ministè Afè Sosyàl ak Travay ak latriye, selon sa ki venn jwenn TRiboLAND.

Leave A Reply