Pèp souvren pran lari masivman pou defann atik 134-2 nan manman Lwa peyi a

209

02/14/2021

Pòtoprens______(TRiboLAND) Sou lobedyans anpil pati politik, groupman politik, jounalis ak sosyete sivil mete tèt yo ansanm pou achte lari Pòtoprens lajan kontan; yo te yon foul moun enpozant ki t’ap foule beton jodi dimanch14 fevriye 2021.

Latriye milye sitwayen pwotestatè sa yo ki soti nan diferan sèktè reponn apèl aktè politik yo pou mande wà diktatè, efase’l sou pouvwa a. Pwotestatè yo te gen nan men yo Konstitisyon peyi a e yo t’ap mande respè Manman Lwa peyi a, patikilyèman atik 134-2 a.

Plizyè machin bwile e patizan pouvwa diktatè a arive touye e bwile vif yon militan nan opozisyon an nan Delmas 95 ki pote non Ronald Dufrene alyas Zobogi; ak yon lòt militan ki resevwa yon bàl nan pye. Kidonk moun Solino pwomèt pou vanje lanmò Zobogi.

Lapolisye SIMO ak UDMO tire anpil bàl nan zòn Plas Sen Pyè nan Petyonvil pou kraze manifestasyon an. Alòske bagay la te te konplètman bloke nan otè Kanapevè kote ke manifestan yo te drese anpil barikàd ak fatra nan moman yo t’ap pran direksyon Champs Mars.  Plizyè jounalis pran bàl anba plizyè backup lapolis 1-00189 ; 1-00188; 1-000191; 1-00922 te montre yo te san pitye nan pwopaje vyolans. Konsa, plizyè jounalis viktim e pami yo ou jwen: F. Canez, “Radyo Kapital FM” e yon lòt jounalis etranje ki pote non Bazile, “Machann Zen Ayiti” ki pran yon bàl kawoutchou nan figi.

Devan lokal Nasyon Zini an, polisye ki toujou vle fè tèt yo pase pou kriminèl yo te tire anpil gaz pou dipèse anpil milye manifestan. Protestatè yo te pwofite akize kominote entènasyonal la ak sèktè prive koupyon an san bliye anbasadè Etazini an ak tout reprezantan BINUH an kòm reselè ki pa sispann konplote pou efondre Ayiti.

Kolè manifestan yo te pouse yo bwile yon machin gri devan OEA ak EDH aprè ke lapolis fè yon lapli gaz lakrimojèn e menm arive tire bàl reyèl sou yon seri militan ki t’ap kouri pou gaz.

An gwo se sa ki reyèlman reprezante pwen fò joune manifestasyon an, kote ke anpil moun nan tout kouch sosyàl te deside pran lari, kontrèman a sa ke anpil moun te konpran. Nap raple, anpil leader politik avèk militan te fè ak prezans nan yon parèy mouvman; pami yo ou jwen ansyen senatè Youri Latortue, Ricard Pierre, Pierre Espérance, Steven Benoit, Caleb Jean Baptiste e latriye.

Comments are closed.