Rasism nan peyi Etazini: nwa yo mouri sis fwa plis ke blan yo nan kowonaviris

0 463

Plizyè jounal nan peyi Etazini mete de men nan tèt pou denonse rasism ke afwiken-ameriken yo ap subi nan peyi Tonton Sam nan pa rapò ak kantite nwa ki mouri anba Kovid-19 la.

Selon kèk estatistik, nwa yo mouri sis fwa plis ke  blan yo nan kowonaviris la. Bilan tèt chaje sa ki montre ke nwa yo pi viktim anba viris la, okazyone anpil medya ap chèche konnen ki sa ekzakteman kap pase!

Pa ekzanp, nan kèk vil kote ke nwa ameriken yo ki reprezante 30% popilasyon an, arive genyen 70% moun ki mouri nan kowonaviris la. E konsa, gwo eka sa pa sispann repete nan divès lòt eta tankou: Ilinòy, Wiskonsen, Lwizyana e Michigann.

Plizyè analis panse ke se rezilta yon pakèt inegalite nan fason sèvis swen sante distribye atravè kominote etnik yo. Yon komite avoka melanje avèk plis pase 400 doktè atravè peyi Etazini mande piblikman yè Lendi a pou gouvènman federal, eta ak lokal degaje l kon mèt Jan Jak pou adrese disparite ki genyen nan treatman ak tès kovid-19 la e rekòmande piblikasyon chif demografik yo sou viris la.

Leave A Reply