Vil New York bati yon kolosal mòg tanporè deyò Lopital Bellevue a

0 399

New York__(TRiboLAND) Anpil gwo tonton tant ak gwo truck ak sistèm refrijerasyon enstale deyò Lopital Bellevue nan Manhattan yon fason pou akomode milye moun mouri si tout fwa sèvis mòg nan ki nan vil la ta plen ap debòde ak viktim kowonaviris.

Biwo Egzaminasyon Medikal vil la mete enstalasyon tris sa sou pye semènn sa nan lopital la nan zònn Kips Bay. Konsa, yo itilize kan Bellevue a kòm plizyè biwo an chèf pou Egzaminasyon Medikal yo.

Nan tan nòmal mòg ki nan vil kapab pran yon kapasite ant 800 e 900 kò yon sèl kou, dapwè Aja Worthy-Davis ki se pòtpawòl Biwo Egzaminasyon Medikal vil la.

Jiska prezan mòg yo poko rive nan nivo sa, dapwè sa li di. Men pwiske kantite moun kap mouri nan kowonaviris la ap ogmante, nou oblije ap prepare pou si tout fwa sa ta venn dejenere.

“Nap itilize sa yo pou anka ke”. Tant avèk truck yo kapab pran ant 3,500 jiska 3,600, dapwè pòtpawòl la.  

kredi pou foto: Luiz C. Ribeiro/for New York Daily News

Leave A Reply