Ka kowonaviris yo nan Repiblik Dominikènn rive nan 245; swa 43 ka nan espas 24 èd tan

0 288

Sen Domeng___(TRiboLAND) Minis Sante Piblik repiblik dominikènn nan, Rafael Sánchez Cárdenas deklare jodi Lendi 23 Mas 2020 an, ke kantite ka kowonaviris nan peyi moute 245, swa 43 ka anplis ke yè.

Pami 245 la, ou jwenn 108 asosye ak Distri Nasyonal la, 20 anplis jou avan an espesyàlman lè yo te rapòte 88 ka ki te nan kapital la. Mesye Cárdenas rapòte ke kantite moun ki mouri nan viris la toujou a twa; 57% nan ka yo se gason tandiske 43% se fanm.

Leave A Reply