Kovit-19 fòse lekòl nan Eta Florid fèmen pòt yo jiska 30 Mas 2020

0 324

Miami___(TRiboLAND) Avèk gwo konstènasyon sou declenchman pandemi kowonaviris la kap bay gagann atravè lemon, resposab Depatman Edikasyon nan Florid deside fèmen entitisyon eskolè yo pou jiska 30 Mas 2020, si pa ta gen pi mal.

An jeneral, majorite lekòl nan Florid te deja planifye pou fèmen nan peryòd “Spring Break” (Konje Pak), sepandan, pwopagasyon kowonaviris la ap etann li ak yon vitès enkwayab ki fòse otorite administrativ yo pase lòd pou fèmen pi bonè.

Desisyon sa ap ofisyèlman efektif apati Lendi 16 Mas 2020. Distrik Miami-Dade, Distrik Broward ak Distrik Palm Beach se twa pwemye distri sa yo kap konplètman fèmen pòt yo pou pandemi a. Pandan plis enfòmasyon ap vini pou paran yo avan lontan, etidyan ap kapab angaje plis nan apwantisaj a distans oubyen tele edikasyon. 

Leave A Reply