Kowonaviris: Etazini ofisyèlman retire tèt li nan OMS

401

Wachenntonn___(TRibOLAND) “Kongrè Etazini an resevwa yon notis ofisyèl ke prezidan Donald Trump deside retire Etazini nan OMS nan mitan pandemi a”, se sa ki ekri sou kont twitter Robert Menendez, manm demokrat pou Komisyon senatoryàl pou Afè Lòt Bò Dlo yo. Yon enfòmasyon ki konfime bò kote plizyè responsab gouvènman ameriken.

Se yon notis kap efektif aprè yon delè yon lane, swa 6 jwiyè 2021, daprè sa plizyè responsab gouvènman ameriken ki se pi gwo kontribitè nan OMS.

Nap raple, Joe Biden te angaje l si li arive prezidan pou l te retounen sou yon evantyèl desizyon Donald Trump lòske li te anonse gouvènman l lan ta pral sispann finansman OMS nan mwa avwil pase.

Comments are closed.