Apwè 76 jou, Vil Wuhan ap selebwe fen konfinnman kowonaviris la

0 355

Wuhan/Lachenn___(TRiboLAND) Sistèm ou modèl konfinnman peyi Lachenn nan ke anpil peyi ap adopte kont kowonaviris la jounen jodi a, rive nan fen li apwè plis pase 11 semènn: otorite Chinwa yo pèmèt rezidan Wuhan yo yon lòt fwa ankò vwayaje e antre sòti nan vil Wuhan ki te orijinn pandemi an.

Konsa, byen bonè maten an, plis pase 11 milyon moun te otorize pran lari san yon otorizasyon fòmèl ou yon aplikasyon otorizasyon atravè smartphone ke gouvènman chinwa a tap opere pou te suveye moun kap sòti. Se te yon veritab kontantman bò kote popilasyon azyatik la: divès sitwayen tap balanse drapo nasyonal la, e tap rele “An ale Wuhan!” san konte antèm nasyonal Lachenn nan yo tap chante sou fòm capella.

Trafik la ta pran fòm kò li kòrèkteman sou re-ouvèti yon pakèt latriye pon ki te fèmen, tunèl ak pòs kontwòl otowout yo, san konte konbyen santènn moun kap rete tann arive pwemye tren yo pou deplase de yon vil a yon lòt.

Leave A Reply