Bernie Sanders mete kò l sou kote nan kous pwezidansyèl 2020 an

0 346

Bulrington___(TRiboLAND) Senatè Demonkrat Vermont lan, Bernie Sanders kraze yon kite sa nan kous pwezidansyèl la, se sa alatèt kanpay candida demonkrat la anonse atravè yon email ki ale jwenn tout sipòte yo jodi Mèkredi 8 Avwil 2020 an.

Mesye Sanders ki soti nan kous la venn pèmèt ke ansyen Vis-pwezidan Etazini an, Joe Biden rapwoche tou pwè nominasyon Demokratik la nan kous pou rale chèz pwezidansyèl nan men Donald Trump.

Nan yon bat bouch ke li te fè depi lakay li nan Burlington, Sanders deklare ke wout pou li arive jwenn nominasyon Demokratik la pa piti; li parèt “enposib” e peyi a nan moman sa ta dwe rete fokis sou jere pandemi kowonaviris la kap baleye nasyon an.

“Avèk tout konsyans, mwen pa kapab kontinye ap vanse ak yon kanpay ki pa kapab bay rezilta e ki ap entèfere ak yon pakèt kantite travay ki devan nou”, dapwè sa li di.

Leave A Reply