Gonaiv : plizyè moun pèdi lavi yo nan eksplozyon yon kamyon-sitèn

450
0
Share:
TRiboLAND

Gonaiv, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon dràm eksplozif rive byen bonè maten mèkredi 25 jen 2025 lan nan lokalite Pon Goden, nan komin Gonaiv, aprè ke yon kamyon transpòtè gaz eksploze. Daprè temwen ou zenyè, eksplozyon veyikil la okazyon plizyè moun arive mouri; e yon menm fè eta plizyè ti inosan elèv lekòl ki tap pase, kabonize.

Flam devoran ki tap paweze nan syèl ble site Endepandans lan, te degaje yon nyaj mòtèl disèt otè ke moun te kapab obsève byen lwen. Yon sènn enfènal ki te mete tout lokalite Pon Goden sou mòd panik ak dlo nan je, daprè yon seri videyo kap paweze sou rezo sosyo yo.

Malgre manèv ak trese lèl abitan yo, eksplwosyon an te depanse kapasite yo pou genyen konwòl ensidan ak ti bokit dlo. Li pase pran plizyè motosiklèt ki tap ravitaye. Sa ki pi grav la, oken prezans ponpye pat remake jiskaske tout bagay te finn kalsine. Angro, yon bon valè moun mouri, pami yo ou jwen ti inosan elèv lekòl.

Share:

Leave a reply