Lanmò pote ale Sekretè Jeneral KNVA a, Manbo Euvonie G. Auguste

2,319

Louis Jameson
03/23/2022
Pòtopwens_____(TRiboLAND) Sekretè Jeneral Konfederasyon Nasyonal Vodouyizan Ayisyen (KNVA), Manbo Euvonie Georges Auguste pa nan monn sa ankò. Vodouyizan ki abitye rele lèsen an mouri lakay li jodi mèkredi 23 mas 2022 an.

Selon enfòmasyon yo, Manbo a te fè yon kansè kòl matris ki te toujou ap tripote l depi kèk tan. Li kraze yon kite douvanjou maten mèkredi a nan Delma 83.

Daprè yon pwòch li, sekretè KNVA a te twouve l nan peyi Kiba nan jou pase yo nan lide pou li te al pran swenyàj medikal. Men elas! Se te lave men swiye atè; Manbo Euvonie te nan wout pou di planèt la babay.

Devan disparisyon gro mapou sa, patizan ak senpatizan ginen nan sektè a koube yo byen ba pou salye depa sekretè jeneral KNVA a, e kwè yo dwe kontinye ak batay yap mennen an pou pèmèt sektè sila a mache kòm sa dwa.

Comments are closed.