Ayiti ofisyèlman anrejistre pwemye desè kowonaviris li

0 362

Pòtopwens___(TRiboLAND) Peyi dayiti apènn anrejistre pwemye desè li jodi Dimanch 5 Avwil 2020 an. Pwemye viktim sa gen pou wè avèk yon avoka trè popilè ki fè pati bawo Pòtopwens lan dapwè yon sous kredib bò kote yon kòlèg nan bawo a.

Viktim nan tap fè fas ak yon seri konplikasyon ki te makònnen ak kovid-19 la tankou ipètansyon e latriye. Li mouri yè swa Samdi 4 Avwil la nan yon lopital nan Depatman Lwès la, li te genyen 50 lane.

Konsa, dapwè dènye enfòmasyon otorite yo, peyi Dayiti nan moman sa genyen apepwè 21 ka konfime ofisyèl e yon desè.  Otorite lokal yo pa sispann akselere kanpay mobilizasyon atravè peyi a nan lide pou anpeche kovid-19 la fè dap piyanp sou moun sou tèritwa nasyonal la.

Leave A Reply