Yon bonm eksploze devan yon restoran nan zòn Ès peyi Kongo

3,072

12/25/2021

Beni, Kongo______(TRiboLAND) yon bonm eksploze nan yon restoran jodi samdi 25 desanm 2021 an nan moman plizyè gwo patwon debake jodi Fèt Nwèl la nan yon vil ki localize nan zòn Ès peyi Kongo.

Deblozaj sila ki fèt nan yon vil ki konstitye basyon ekstremis islamik aktiv yo, ta voye ominimòm 7 moun nan peyi san chapo ak plizyè blese grav lopital, dapwè yon nòt ki sòti bò kote otorite lokal yo nan Beni. Yon rezidan ki te anba gwo chòk, konfime yon gwo detonasyon te arive eklate nan moman plizyè moun tap bwè byè sou tab deyò yon restoran.

Apwè eksplozyon an ki lakoz anpil pote sekou ak panik, majistra Narcisse Muteba, ki se yon kolonèl egalman, pat pran tan pou egzije rezidan yo antre lakay yo yon fason pou kapab fasilite pwosesis envèstigasyon otorite yo.

Sa pa gen lontan, yon group ki mare sosis li ak Daech, te revandike 2 eksplozyon nan Beni nan mwà jwen dènye; kote ke yo tap sible kretyen relijye yo.

Comments are closed.