Yon ansyen jounalis senyò, Roberde Céliné alyas Bob C, deklare ke li pare pou bay Guy Phillipe jarèt nan kad delibere peyi Dayiti.

941

01 – 09 – 2024

Nan yon pote kole li fè nan yon emisyon ki rele “Boukante Lapawòl, ansyen jounalis senyò pou emisyon nouvèl “Pwemye Okazyon” sou Radyo Tele Karayib, Roberde Céliné alyas Bob C, deklare ke li pare e tou limen, pou li ta dispoze 80% nan fòtinn li a mouvman Guy Phillipe la, nan kad batay pou kapote sistèm sangwen an, yon fason pou libere peyi a kont gang.

Li enpòtan pou ou konnen, Guy Phillipe ki se apènn sot fè pwizon lakay Tonton Sam, deklentche depi kèk jou yon mouvman mobilizasyon atravè peyi Dayiti, kote li ekspwime detèminasyon li pou retire, dapwè li menm tè Desalinn nan anba grif sangwen ki mare sosis yo ak enperyalis la pou efondre peyi Dayiti.

Mouvman mobilizasyon ansyen chèf rebèl la, Guy Phillipe nan jou sila yo, ralye plizyè sitwayen konsyan ki swete wè yon revolisyon akouche liberasyon peyi Dayiti. Yon mouvman ki egalman bay anpil vant mennen.

Comments are closed.