Pap Francis selebwe Mès Dimanch Ramo a nan yon legliz ki konplètman vid

0 368

Wòm___(TRiboLAND) Nan pwemye jou semènn sent lan ki se Dimanch Ramo, Pap Francis delivwe mesaj li pòt fèmen nan Bazilik Sen Pyè ki te konplètman vid jodi Dimanch 5 Avwil 2020 an. Yon mesaj ki fèt via entènèt e distribwe bay divès latriye kongregasyon katolik atravè lemonn.

Nan sikonstans lan, alatèt legliz Vatikan an te envite tout sa yo ki tap tande pou yo sipòte tout sa yo kap soufwi e ki nan bezwen pandan moman pandemi kowonaviris la.

‘Trajedi sa kap sakaje nou koulya, ralye nou pou nou pran yon seri bagay oserye, e nou pa dwe tonbe nan fè bagay ki pa gen twòp enpòtans; nou dwe dekouvwi ke lavi pa gen oken sans si nou pa itilize l pou ede sa yo  ki nan bezwen. Konsa, lavi kapab mezire atravè lanmou”, dapwè Pap Francis.

Chèf Pontif la kontinye ekzòte fidèl katolik yo pou yo tounen vè Bondye “nan moman pandemi trajik sa ki rive anba zye yon pakèt  fos sekirite ki vòltije tankou lafimen nan je lespwasa ki trayi. “An nou pa twò konsène de tout sa nou pa genyen, men an nou pito gade ki sa nou kapab fè ki bon pou lè zòt yo”, dapwè Pap Francis.

An jeneral, sèvis semènn sent Pap la toujou atire plis pase 10 mil pèleren ak touris nan vil Wòm chak ane.

kredi foto: Photo: Alberto Pizzoli/Pool/AFP via Getty Images

Leave A Reply