Zak vyolans nan peyi Izrayèl konplike fòmasyon yon nouvo gouvènman

429

05/09/2021

Jerizalèm______(TRiboLAND) nan yon avètisman ke li lanse, Mansour Abbas ki se chèf Ra’am, yon pati islamis, deklare ke atak kont yon seri zòn sakre ak fidèl ki vini priye, se inasèptab e se yon liyn wouj! Yon deklarasyon ki fèt nan yon konteks kriz politik aktyèl la kap baleye tèritwà ebwe a, sa fè yon gwo tonton eko. San bourad 4 depite ki konstitye fòmasyon Frè Muzilman yo, Yaïr Lapid ki nan tèt yon pati santrik, pa genyen twòp chans pou mobilize yon majorite ki kapab ranplase Benyamin Netanyahu.

Se menm kad figi a tou pou lòt depite ki repwezante yon minorite 21% Arab-Izrayelyen ki kapab yo menm tou bloke si afwontman yo ta kontinye ap vale teren. Sepandan, Yaïr Lapid genyen tou yon maj manèv ki trè etwàt e ki kapab difisilman fè prèv moderasyon ke Benyamin Netanyahu.

Se yon ekilib ki trè danjre, lè ou konprann ke alye pwensipal a se Naftali Bennett ki se patwon yon fòmasyon politik kap milite pou kolonizasyon nan Sijòdani ak nan Ès Jerizalèm. Bò kote pa li, Avigdor Lieberman, ki se yon lòt nasyonalis, ki se manm koalisyon anti-Netanyahu e alafwa yon kolon, pa sispan pwone ak tout kouraj li kont yon seri moun ke likalifye “teworis”. Konsa, degaje yon majorite se yon veritab jwèt ekilib ki trè danjre.

Comments are closed.