Minis Manigat inogire yon sal miltimedya nan lise Horatius Laventure

2,864

Louis Jameson – 03/13/2022

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Minis edikasyon nasyonal la, Lesly Manigat inogire yon sal miltimedya ak tout prezantasyon yon platfòm nimerik ki rele “lise 2.0” nan enstitisyon lise Horatius Laventure la nan moman li tap tanmen yon vizit ayè vandredi 11 mas 2022 a.

Minis lan bò kote pa l salye jefò konpayi Natcom ki dakò ak yon parèy patenarya, pandan l ap bay 20 lise nan peyi a yon laboratwa enfòmatik, san bliye nesesite ki genyen pou chak lise anndan repiblik la gen sal enfòmatik pa yo ki rele yo chè mèt chè mètrès.

Pou Cartony Dodard ki se direktè lise a, se reyèlman yon gwo satisfaksyon; li menm deklare ke rèv teknolojik ki te la depi dikdantan reyalize koulya nan lise a ki selon li menm te swàf yon parèy valè ajoute.

Li enpòtan pou konnen, direktè depatmantal edikasyon Lwès la, Étienne France te make prezans li nan moman seremoni inogiral la.



Comments are closed.