MOFEDGA mande fanm avoka yo pou mobilize nan Grandans yon fason pou konbat koripsyon ak ensekirite jeneralize.

992

04- 04- 2023

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND ) Fas ak zak ensekirite yo ki makònen ak tout fòm vyolans bandi ak tout reselè gang ak kravat ap komèt nan systèm jistis la nan depatman Grandans lan, fanm tout yo pa sispann fè tande vwa yo.

Mouvman Fanm Grandans (MOFEDGA), fè apèl ak tout fanm avoka ki genyen konsyans pwofesyonèl, pou batay kont tout konplotè nan aparèy jistis lan ki mare sosis yo ak atoufè san manman ki pa genyen pitye pou pèsònn moun nan kominote yo.

Pou kòdonatris MOFEDGA la, madam Roselord AUBOURT, fanm avoka yo dwe mete pye yo atè e pwouve diferans yo, parapò ak gason avoka yo ki pi souvan aji andeyo la lwa, selon enterè mesken yo.

Comments are closed.