Grefye nouvo jij enstriksyon Mathieu Chanlatte ki te dezinye sou dosye asasina Jovenel Moise la mouri

992

08/13/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Jij Mathieu Chanlatte ki asèpte enskri dosye asasina pwezidan Jovenel Moise la, mouri yè apwè midi mèkredi 12 out la, nan Matisan nan yon sikonstans bwouyàj.

Grefye Ernst Lafortune ki ta sanble azmatik ou maladif ak yon “soufle anlè” kwonik, kenyen yon bon bout tan ap travay an etwàt kolaborasyon ak Jij Mathieu Chanlatte, arive mouri nan moman li tap eseye travèse lizyè Matisan swit ak gaz lakrimojèn ki te anpeche li respire.

Nap raple, Grefye Lafortune, te transpòte nan Lopital Inivèsite Dayiti bwit sou kou, kote ke li te enstale atè sou yon kàd e te an difikilte pou te jwen swen medikal an ijans.

Ke nanm li repoze nan lapè ke Ayiti bezwen an!

Comments are closed.