Lari nan peyi Ekwatè ranpli ak kadav kowonaviris

0 442

Gwayakil____(TRiboLAND) Anpil Famiy nan pi gwo vil Ekwatè a ap moute yon ma swife pou arive antere kadav pwòch yo ki mouri anba pandemi kowonaviris la ki tèlman pwopaje nan yon pwen kote ke li paralyze sistèm fineray nan peyi a.

Nan vil Gwayakil, anpil paran moun ki mouri ak maladi a oblije kenbe mò yo lakay yo pou konbyen jou. “Silvouplè pa ki te li atè a”, se sa yon vèv ki tap kriye sou rezo sosyàl yo deklare apwè ke otorite nan peyi a te fèl konnen lap pran plizyè jou pou ramase kadav mari li anndan kay la, dapwè fanm nan ki tap kòmante.

Yon lòt jènn gason montre videyo sou rezo sosyàl yo foto frè li vlope ak yon plastik sou twotwa devan pòt lakay li. Li deklare ke otorite lokal yo te fèl konnen ke lap pran plizyè jou pou anbilans vinn leve kadav la.

Rezidan yo ap viv yon move moman ak kadav ki nan laru akoz mòg yo ki plen ra gagann. Lopital ak klinik yo fenn debòde ak pil kadav kowonaviris kap miltipliye san rete, dapwè nouvèl lokal yo.

Leave A Reply