Mouvman sitwayen konsyan renouvle angajman li pou manifeste kont gouvènman Ariel Henry a

1,358

09-24-2022

Wanament, Ayiti__(TRIboLAND)

Nan kad yon konferans pou laprès “Mouvman Sitwayen Konsyan” bay, li deside anonse 2 lòt jounen mobilizasyon pou kontinye rele chalbarik dèyè premye minis Ariel Henry ak tout klik li yo kap gagote e trennen peyi a nan labou.

“Sitwayen Konsyan” yo konte yon lòt fwa ankò foule beton an nan Wanament pou mande Ariel Henry kite pouvwa. Moun te kapab konstate nan yon parèy konferans, plizyè gro pèsonalite tankou: Waldeck Marcelin reprezantan RDNP, Edeline Joseph MSK, Marseille Kedesh Ekilib Demokratik ak Bedel Joseph MSK.

Ansanm pèsonalite sa yo konte foule beton an pou yon dezyèm fwa nan Wanament. Nap raple gro sòlòkòtò popilè ki te òganize 16 septanm pase a, bagay la te vire an ke pwason ant manifestan yo ak lapolis nasyonal Dayiti .

Jn Simon Manex

Comments are closed.